Yon patnè branch se yon moun ki gen dwa sèvi ak sistèm mache nou an kòm pwòp modèl biznis pa yo anba parapli pwopriyete Commudash.
Yon pwopriyetè biznis konplètman endepandan de Commudash pandan li genyen sistèm mache an liy nou an.
Fondatè & PDG
Salu, non mwen se Dieuseul Lorgeat, mwen te kreye sistèm mache Commudash la pou mwen e jodi a, mwen vle pataje li avèk ou. Kite'm bati pou ou biznis sou entènèt ou te toujou reve-a.
Fondatè & PDG
- Sistèm mache plizyè machann nou an vini ak tout sa ou bezwen e li deja konfigire pou moun kòmanse.
- Nou mande yon peryòd 3 jou pou'n transfere tout kontwòl yo bay patnè branch yo epi yon peryòd 30 jou pou pwopriyetè biznis yo.
Pòtal entènèt la pare pou vann bay kliyan ou yo, resevwa premye machann ou yo, pibliye piblisite, montre pwodwi ou yo ak plis ankò.
Pwogram patenarya nou an ap ba ou pwòp mache sou entènèt ou a, pwòp anplwaye ou epi kidonk ba ou libète finansye pou ou menm ak fanmi ou.
Kòm yon patnè oubyen yon mèt biznis, w'ap bezwen siyen yon kontra pou pwoteje enterè ou ak enterè pa nou anvan ou ka kòmanse sèvi oswa genyen sistèm nou an epi tou kontra sa a ap pwoteje ou pou nou pa retire ou nan rezo nou an pou nenpòt rezon.
Commudash ki se yon konpayi devlòpman mache sou entènèt, ap bay tout ayisyen ki vle gen pwòp biznis sou entènèt yo, opòtinite pou yo kòmanse pwòp mache yo nan nenpòt vil nan Amerik.
Wi, sèl sa w'ap bezwen se yon depo $2000 pou patnè branch yo oubyen yon depo $2500 pou moun ki vle mèt biznis yo.
Li pran sèlman 15 jou pou patnè branch yo epi 30 jou pou mèt biznis yo, pou nou konstwi mache-a epi kòmanse fonksyone, n'ap travay avèk ou pou adapte mache a selon bezwen ou yo.
N'ap ba'w yon pòtal mache sou entènèt - yon aplikasyon mobil pou kliyan, machann ak livrè katye ou yo - yon seri lojisyèl pou jere yo - 3 nimewo telefòn pou biznis ou - ak yon pòtal administratè pou jere ajan ou yo (ki se sèvis kliyan, sipò machann yo ak sipò livrè katye yo).
Non, branch ou-a se biznis ou, ou jere li jan ou vle byenke ou toujou bezwen fonksyone dapre modèl biznis nou an, an reyalite manadjè branch yo resevwa tout lajan yo fè nan mache yo-a epi yo peye yon ti kontribisyon bay Commudash.
Commudash egzije 70% nan revni mansyèl li nan men tout patnè branch yo pou kouvri pewòl anplwaye yo, lojisyèl, antretyen, frè hosting ak asirans biznis.
Lè sa a, patnè branch la pap kontribiye anyen nan Commudash, epi nou asire'w Commudash ap konnen si gen pwofi ki fèt pandan nenpòt peryòd nan ane a.
Nou konprann li pa fasil pou kòmanse yon biznis keseswa sou entènèt ou pa, men si apre 3 mwa yon patnè branch pa fè okenn pwofi, n'ap mete fen nan patenarya a epi n'ap bay branch lan ak yon lòt kandida.
Non, paske depo a se li ki te itilize pou nou te depanse pou nou te mete mache-a an fonksyon
Commudash ap bay tout patnè ak mèt biznis yo, tout fòmasyon ki nesesè pou jere biznis yo kòm yon administratè.
Views: 14